Exodus 22:9
Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:39Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen.
Exodus 22:4Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.
Exodus 22:28Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Leviticus 6:5ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.
Deuteronomy 16:18N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.
1 Kings 8:31Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,