Exodus 23:14
Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen.
Bib La
In The King James Version
Three times thou shalt keep a feast unto me in the year.
In Context
Cross References
Exodus 23:17Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a.
Exodus 34:18Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
Leviticus 23:5N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.
Leviticus 23:34-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a.
Deuteronomy 16:16Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.
Ezekiel 46:9Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la.