Exodus 23:19
N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:28Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Exodus 34:26N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'.
Numbers 15:21Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
Numbers 18:13Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.
Deuteronomy 14:21Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.
Deuteronomy 26:10Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'.