Exodus 22:28
Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Bib La
In The King James Version
Thou shalt not revile the gods, nor curse the ruler of thy people.
In Context
Cross References
Exodus 13:12n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
Exodus 22:8Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.
Exodus 23:19N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
1 Samuel 24:6Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.
1 Samuel 26:9Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.
Psalms 82:1Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.