Exodus 23:18
Lè n'ap touye yon bèt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fèt ak ledven. Piga nou sere grès bèt la tout lannwit jouk denmen maten.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a.
Cross References
Exodus 12:8Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Leviticus 2:11Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a.
Leviticus 7:15Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.