Exodus 23:27
M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
28m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Numbers 22:3li menm ak tout moun pèp Moab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil.
Deuteronomy 6:19pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la.
Deuteronomy 11:23Seyè a va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou.
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.