Exodus 24:17
Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:2Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
Deuteronomy 4:36Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
2 Samuel 22:13Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.
Ezekiel 1:28Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Habakkuk 3:4Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li.