Exodus 25:20
Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'.
Cross References
Genesis 28:12Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.
1 Kings 6:23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
1 Chronicles 28:18Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.
Isaiah 6:1Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.
Ezekiel 28:14Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.
John 1:51Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.