1 Chronicles 23:29
Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:30Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
Leviticus 2:7Lè w'ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w'a fè l' ak farin melanje ak lwil oliv.
Leviticus 7:9Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.
Leviticus 19:36N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
Leviticus 24:8Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase.
1 Kings 7:48Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,