Leviticus 8:2
-Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
3Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.
Cross References
Exodus 28:40W'a fè rad, sentiwon ak bonnèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo.
Exodus 30:25Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.
Exodus 39:41bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo.
Hebrews 7:27Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.