Exodus 29:12
W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
11W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a.
Cross References
Exodus 27:2W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv.
Exodus 38:2Li travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv.
Leviticus 4:18Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Leviticus 4:30Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Leviticus 5:9L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.
Leviticus 9:9Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.