The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 29 › Exodus 29:13

Exodus 29:13

Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt take all the fat that covereth the inwards, and the caul that is above the liver, and the two kidneys, and the fat that is upon them, and burn them upon the altar.

In Context

12W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la.

14Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.

Read all of Exodus 29

Cross References

Exodus 29:18W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Exodus 29:25Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l' sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l' fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife.

Leviticus 1:15Prèt la va pran zwazo a, l'a pote l' bò lotèl la, l'a peze bèk li, l'a tòde kou l' pou l' touye l'. Y'a boule tèt la sou lotèl la, y'a fè san li koule sou kat bò lotèl la.

Leviticus 3:9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

Leviticus 4:8Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la,

Leviticus 4:31Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 29:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 29:12Exodus 29Exodus 29:14 →