Exodus 29:14
Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
15W'a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.
Cross References
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Leviticus 4:12Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
Leviticus 4:25Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Leviticus 4:32Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.
Leviticus 5:8L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.
Leviticus 8:17Men, li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la, li boule yo an deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Seyè a te ba li.