Leviticus 4:25
Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:12W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la.
Leviticus 4:18Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Leviticus 4:34Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Leviticus 8:10Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.
Leviticus 9:9Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.
Leviticus 17:11Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.