Hebrews 7:28
Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Luke 13:32Li reponn yo: Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen.
Hebrews 1:2Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.
Hebrews 3:6Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
Hebrews 5:1Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.
Hebrews 5:8Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.