Exodus 29:34
Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l' nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:19Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen.
Exodus 29:26Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa.
Leviticus 7:18Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.
Leviticus 10:16Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa: