Exodus 29:41
W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:6N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.
1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
2 Chronicles 2:3Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete.
Psalms 141:2Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Daniel 9:21Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.