Exodus 29:43
Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 40:35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
Leviticus 9:6Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.
2 Chronicles 5:13Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
2 Chronicles 7:1Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Haggai 2:7Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.