The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 21 › Leviticus 21:10

Leviticus 21:10

Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.

Bib La

In The King James Version

And he that is the high priest among his brethren, upon whose head the anointing oil was poured, and that is consecrated to put on the garments, shall not uncover his head, nor rend his clothes;

In Context

9Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.

11Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a.

Read all of Leviticus 21

Cross References

Genesis 37:34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.

Exodus 29:29Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.

Leviticus 8:7Lèfini, li mete chemiz la ak gwo rad la sou Arawon, li mare sentiwon an nan ren li. Apre sa, li mete jile a sou li, li mare bèl sentiwon jile a nan ren l'.

Leviticus 10:6Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.

Leviticus 16:32Se va reskonsablite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Seyè a nan plas papa l' la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis.

Numbers 35:25Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 21:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 21:9Leviticus 21Leviticus 21:11 →