Exodus 30:33
Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Exodus 29:33y'a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye.
Exodus 31:14Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.
Leviticus 7:21Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
Leviticus 17:9ankenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l' bay Seyè a. Si se pa sa, y'a wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
Leviticus 17:14Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Seyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bèt ak tout san an ladan l'. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l', m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.