Exodus 31:14
Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 30:33Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Numbers 15:35Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.
Nehemiah 9:14Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.
Isaiah 58:13Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,
Ezekiel 20:16Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl yo.