Exodus 31:15
N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a, se va yon gwo jou repo, jou n'a mete apa pou Seyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan.
Cross References
Genesis 2:2Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.
Exodus 16:26Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n' ranmase. Men setyèm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase.
Exodus 31:14Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.
Exodus 34:21W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.
Leviticus 23:3Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou.
Numbers 15:32Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.