Exodus 32:20
Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
Cross References
Deuteronomy 7:25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.
2 Kings 23:6Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.
Proverbs 1:31Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.