Exodus 32:29
Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l' jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 25:11-Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt.
Deuteronomy 33:9Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.
2 Chronicles 35:3Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.
Joel 2:12Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
Matthew 10:37Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.