Exodus 32:34
Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an.
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Exodus 33:2M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.
Exodus 33:14Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
Numbers 20:16Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la.
Psalms 99:8Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
Jeremiah 5:9Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa