Exodus 33:11
Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:9Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.
Exodus 32:17Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
Numbers 12:7Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.
Deuteronomy 5:4Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas.
Deuteronomy 34:10Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas.
Job 16:21Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.