The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 33 › Exodus 33:4

Exodus 33:4

Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo.

Bib La

In The King James Version

And when the people heard these evil tidings, they mourned: and no man did put on him his ornaments.

In Context

3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.

5Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo.

Read all of Exodus 33

Cross References

Leviticus 10:6Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.

Numbers 14:39Lè Moyiz di moun pèp Izrayèl yo tout pawòl sa yo, sa te fè yo lapenn anpil.

2 Samuel 19:24Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pa t' koupe bab li, ni li pa t' lave pye l', ni li pa t' lave rad sou li.

2 Kings 19:1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.

Esther 4:1Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.

Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 33:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 33:3Exodus 33Exodus 33:5 →