Exodus 34:24
Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
Exodus 23:27M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.
Exodus 33:2M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.
Leviticus 18:24Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Deuteronomy 12:20Lè Seyè a, Bondye nou an, va mete sou tè nou deja genyen an jan li te pwomèt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mèt manje vyann lè nou vle, kantite nou vle.
1 Kings 5:1Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.