Exodus 34:27
Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 24:4Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.
Exodus 34:10Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.
Deuteronomy 31:9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.