Exodus 35:21
Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo.
Cross References
Exodus 25:2-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.
Exodus 35:22Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
Exodus 35:29Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.
Judges 5:3Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Judges 5:12Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini!
1 Chronicles 28:2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.