Judges 5:3
Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:17Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.
Exodus 31:6Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.
Deuteronomy 32:1Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!
Judges 5:7Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.
1 Kings 19:10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Ezra 7:21Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,