Exodus 36:3
Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 35:27Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la,
Psalms 5:3(05:4) Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
Proverbs 8:15Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.
Jeremiah 21:12Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.