Exodus 36:2
Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:2-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.
Exodus 28:3W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
Exodus 35:2N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.
Exodus 35:21Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.
1 Chronicles 29:5pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?
Acts 14:23Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.