Jeremiah 21:12
Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: -Koute pawòl Seyè a.
Cross References
Leviticus 26:28lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
2 Samuel 8:15David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.
Psalms 72:1Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Psalms 101:8Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.
Proverbs 31:8Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.