Exodus 36:8
Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.
9Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè.
Cross References
Exodus 25:18W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,
Exodus 26:1N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
Exodus 35:10Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a:
1 Kings 6:23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
2 Chronicles 3:10Nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt.
Ezekiel 10:1Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.