Exodus 4:11
Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
Bib La
In The King James Version
In Context
12Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Cross References
Genesis 18:14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
Psalms 94:9Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?
Proverbs 20:12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Jeremiah 1:6Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Ezekiel 3:26Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo.