The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 4 › Exodus 4:22

Exodus 4:22

W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt say unto Pharaoh, Thus saith the LORD, Israel is my son, even my firstborn:

In Context

21Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.

23Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.

Read all of Exodus 4

Cross References

Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.

Deuteronomy 32:6Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?

Isaiah 64:8Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.

Jeremiah 31:9Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.

Malachi 1:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?

2 Corinthians 6:18M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 4:22

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 4:21Exodus 4Exodus 4:23 →