Exodus 6:26
Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:10Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a.
Exodus 6:13Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip.
Exodus 7:4Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.
Exodus 12:41Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la.
Exodus 13:18Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.
Exodus 32:1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.