Ezekiel 14:21
Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 51:19De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.
Ezekiel 5:17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Ezekiel 14:13-Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a.
Ezekiel 14:17Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.
Ezekiel 33:27W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.