Exodus 8:22
Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
23m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a.
Cross References
Exodus 7:17Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.
Exodus 9:4Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.
Exodus 9:26Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.
Exodus 10:23Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.
Exodus 12:13San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
Psalms 110:2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.