Exodus 10:23
Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.
Cross References
Exodus 7:25Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.
Exodus 8:19Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Exodus 9:4Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.
Exodus 14:20Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.
Isaiah 42:16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Isaiah 65:13Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.