The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 6 › 2 Chronicles 6:14

2 Chronicles 6:14

epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.

Bib La

In The King James Version

And said, O LORD God of Israel, there is no God like thee in the heaven, nor in the earth; which keepest covenant, and shewest mercy unto thy servants, that walk before thee with all their hearts:

In Context

13Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè,

15Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la. Tou sa ou te di w'ap fè, ou fè l' rive vre jòdi a ak fòs ponyèt ou.

Read all of 2 Chronicles 6

Cross References

Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

Genesis 33:20Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.

Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.

Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?

Deuteronomy 7:9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.

1 Kings 3:6Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 6:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 6:132 Chronicles 62 Chronicles 6:15 →