Ezekiel 11:21
Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 1:16M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.
Jeremiah 17:9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?
Ezekiel 7:3Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Ezekiel 14:3-Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy?
Ezekiel 20:31Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!