Ezekiel 12:13
M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l' ladan l'. Lèfini, m'ap mennen l' lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l' ak je l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 18:10Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Jeremiah 34:3Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.
Jeremiah 50:24Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l' san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te soti pou goumen avè m'.
Jeremiah 52:11Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. Yo mete Sedesyas nan prizon, li rete la jouk li mouri.
Lamentations 3:47N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!