The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 9 › Hosea 9:7

Hosea 9:7

Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.

Bib La

In The King James Version

The days of visitation are come, the days of recompence are come; Israel shall know it: the prophet is a fool, the spiritual man is mad, for the multitude of thine iniquity, and the great hatred.

In Context

6Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.

8Bondye voye m' tankou yon pwofèt pou m' avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m' pase, yo pare pèlen pou yo pran m' tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m'.

Read all of Hosea 9

Cross References

Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?

Isaiah 34:8Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo.

Jeremiah 6:14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.

Jeremiah 10:15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.

Jeremiah 16:18Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.

Jeremiah 29:26-Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 9:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 9:6Hosea 9Hosea 9:8 →