Ezekiel 14:15
Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:36Lè sa a, premye pwofèt la di l' konsa: -Poutèt ou derefize obeyi lòd Seyè a, separe n'a separe, yon lyon ap touye ou. Konsa vre, ale premye pwofèt la ale, yon lyon vin rive, li touye lòt pwofèt la.
Isaiah 51:19De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
Ezekiel 5:17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.