Isaiah 51:19
De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 42:11Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.
Ecclesiastes 4:1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Isaiah 61:2Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,
Jeremiah 15:5Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou?
Lamentations 1:12Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.