Isaiah 36:5
Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 18:7Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.
Nehemiah 2:19Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!
Proverbs 24:5Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.
Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.