Ezekiel 17:24
Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 5:11Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.
Psalms 75:6(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
Psalms 89:45(089:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
Isaiah 2:13L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Isaiah 55:12N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!