Job 5:11
Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.
Bib La
In The King James Version
To set up on high those that be low; that those which mourn may be exalted to safety.
In Context
10Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.
12Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
Cross References
Deuteronomy 33:27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
Job 8:7Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
Psalms 107:41se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.
Ezekiel 17:24Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.
Luke 6:21benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan.
James 4:6Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.